Eko pitit Granvensan
Eko pitit Granvensan se yon medya digital ki la pou enfòme, edike ak valorize kominote Granvensan.
06/02/2026
Nan okazyon fèt dè Mè a, dimanch 31 me 2026, nou te gen anpil kè kontan pou nou te patisipe nan bèl mès ki te selebre nan Pawas St Bernard de Clairvaux, nan lakou Liz, anba direksyon Reveran Pè Jorèl Azor. Se te yon moman lajwa ak rekoleksyon kote mesaj sikonstans lan te chita sou lanmou, padon ak tèt ansanm.
Se te tou yon bèl okazyon kote kire pawas la te lanse ofisyèlman fèt patronal St Bernard de Clairvaux , ki pral selebre 19 dawout kap vini an.
Pa bliye like, pataje, kòmante, abòne ak paj la, epi ban nou tag pou plis moun wè piblikasyon an!
05/30/2026
Inogirasyon pwen dlo nan lokalite Chevo
Se avèk anpil kè kontan kominote Chevo a resevwa inogirasyon nouvo sistèm dlo sa a. Pi a, ki te konstwi depi lontan pa Legliz Katolik la, te konn mande anpil efò pou ponpe dlo epi reparasyon yo pa t fasil lè li te an pann. Jodi a, li ekipe ak yon ponp ki mache ak enèji solè ansanm ak yon rezèvwa ki ka kenbe 8 000 galon dlo.
Travay sa a reyalize gras ak sipò FNGA ak patnè li yo, tankou FLM, NORAD, NCA ak DINEPA, pou amelyore lavi kominote a. Seremoni an te dewoule an prezans Kire Pawas Granvensan an, otorite lokal yo, manm FNGA yo, reprezantan patnè yo, komite jesyon dlo yo, notab kominote a ak anpil lòt sitwayen.
Kominote Chevo a remèsye tout moun ki te kontribye nan bèl reyalizasyon sa a, paske dlo se lavi, epi kado sa a pral sèvi anpil jenerasyon.
Like, pataje, kòmante, abòne ak paj la, epi ban nou tag. 💧🙏🏾
Inogirasyon yon pwen dlo nan lakou chevo
05/28/2026
Nan 3zyèm seksyon komin Wozo Granvensan, peyizan yo kontinye ap soufri anba maladi poul ki chak ane ap detwi ti ekonomi yo, pandan nou poko janm wè okenn vrè entèvansyon bò kote Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral. Pou anpil fanmi, bèt se kanè bank yo, se ladan yo sere espwa yo pou lekòl timoun, manje ak ti bezwen chak jou. Lè maladi sa frape, se tout lavi peyizan an li boulvèse.
Jodi a, nou oblije poze 2 kestyon :
Èske sa pa di ministè agrikilti anyen lè chak ane tout bèt peyizan yo ap peri konsa?
Kilè yap mete yon plan serye sou pye pou soulaje peyizan yo nan zòn nan?
Peyizan yo bezwen sipò, swen veterinè ak mezi prevansyon pou pwoteje sa yo genyen.
🔥 Majorèt Peniel nan lakou Reno ap taye banda nan lari Granvensan 😍💃
Anbyans lan cho, moun yo pa ka rete chita 🤩👏
Like 👍 Pataje 🔁 Komante 🗨️ Abone 🔔 epi ban nou tag zanmi nou yo 📲🔥
Nan okazyon 18 Me 2026 la, lekòl Marata nan lakou Granvensan te mete ansanm pou selebre fèt drapo nou an avèk fyète ak respè pou zansèt yo. Malgre tout defi yo, elèv yo te montre lanmou yo genyen pou Ayiti ak bèl koulè ble ak wouj la. 🇭🇹
Like, pataje, kòmante, abòne ak paj la, ban nou tag pou videyo a ka viral. �
infosnation.com +1
Respè ak gwo felisitasyon pou tout moun ki te mete men ansanm pou voye yon bèl imaj nan okazyon 18 Me, fèt drapo peyi nou 🇭🇹. Malgre lapli a, pèp la te pile beton an ak fyète pou montre lanmou pou peyi a ak respè pou zansèt yo. Ansanm nou fè listwa ak kilti nou briye pi fò.
Like 👍, pataje 🔁, kómante 🗣️, abóne ak paj la, ban nou tag 📌
05/21/2026
🔥🇭🇹18 Me 2026 nan lakou Granvensan te selebre avèk anpil onè, fyète ak respè pou zansèt nou yo ki te goumen pou nou ka genyen bèl drapo sa 🇭🇹. Malgre lapli a, popilasyon an te pran lari pou montre lanmou yo pou Ayiti ak koulè ble ak wouj la. Viv Granvensan, viv Ayiti! 🇭🇹 �
Potomitan.
Like, pataje, komante, abòne ak paj la, ban nou tag pou plis moun ka wè bèl bagay sa sa yo Granvensan🇭🇹ok
05/19/2026
Click here to claim your Sponsored Listing.
Contact the business
Telephone
Website
Address
Montreal, QC
J4K3S1
