RADIO Simplicité

RADIO Simplicité

Partager

politico-socio-évangélique

01/10/2026

Ta sanble Mesye dam ki nan Radyo ti Gwav yo tounen madan sara.
Se pa pou rabese madanm sara yo non, se pito paske mesye yo se ta machann infòmasyon
Mairie De Petit-Goâve / La Cité Faustin SoulouqueRadio Ayiti Libere- plaidoyer patriotePolice Nationale d'Haiti - PNHAlix Didier Fils-AiméPrimature de la République d'HaïtiDonald Trump For PresidentRépublique d'HaïtiLevanjil san fòs koteRADIO Simplicité La Voix des Enfants Et des JeunesQuesno Pierre-louisAssociation Sportive 7e section Petit GoâveJeran Aselwa HaïtiJamesBozos1.0Waycleff Joseph

28/09/2026

Ann tande ansyen dépité, ansyen senatè Anakadi k ap esplike rasin banditis Latibonit lan

26/09/2026

Selon kèk abitan nan gran chemen ti Gwav.
Gen yon machin chak swa k ap fè ale vini nan zòn nan. Ki souvan kanpe pandan yon dizèn minit, bay anpil abitan nan zòn nan kè kase.
Moun granchemen mande pou lapolis fè yon tyèk pou yo.
Se yon pikòp nwa.
Mairie De Petit-Goâve / La Cité Faustin SoulouqueRadio Ayiti Libere- plaidoyer patriotePolice Nationale d'Haiti - PNH

25/09/2026

Alix Didier Fils-Aimé Ou trayi peyi Ayiti yon lòt Fwa ankò.

24/09/2026

24/09/2026

🚨 RADIO SIMPLICITÉ FM LANSE YON APÈL IJAN BAY ADMINISTRASYON MAIRIE TI GWAV LA

Radio Simplicité FM mande avèk respè, men avèk anpil ensistans, pou Administrasyon Mairie Ti Gwav la pran dispozisyon prese prese pou netwaye epi sekirize plizyè espas ki prezante gwo risk pou popilasyon an.

📍 Men kèk kote ki bezwen entèvansyon rapid :

🗑️ Fatra ki akimile sou Wout Nasyonal la, anvan simityè a;

🗑️ Fatra ki nan antre Ri Devin nan, ki bezwen retire san pèdi tan;

🚌 Bis André 17 la, ki rete nan espas la depi plizyè semèn e ki reprezante yon pwoblèm pou sikilasyon ak sekirite;

🧹 Yon operasyon netwayaj jeneral nan zòn André 17 la, pou retire fatra ak lòt bagay ki kapab mete lavi moun an danje.

⚠️ Sa pa sèlman yon kesyon pwòpte. Se yon kesyon sekirite piblik.

Espas nou sot site yo se kote anpil moun ap sikile chak jou. Si pa gen yon entèvansyon rapid, sitiyasyon sa yo kapab ogmante risk pou aksidan grav, pwoblèm sanitè ak menm pèt lavi.

📢 Radio Simplicité FM mande Administrasyon Mairie Ti Gwav la pou pran dosye sa a an konsiderasyon epi aji prese prese, nan enterè tout moun k ap viv, travay oswa deplase nan komin nan.

👉 Nou ankouraje sitwayen yo tou pou yo evite jete fatra nenpòt kote epi kolabore ak otorite yo pou kenbe espas piblik yo pwòp.

Radio Simplicité FM — Yon vwa pou enfòmasyon, konsyantizasyon ak enterè kominote a.

24/09/2026

Rara lage

24/09/2026

Nou konseye w al enskri

24/09/2026

📻 RADIO SIMPLICITÉ FM — ENTÈVANSYON

Fòk gen yon bon jan ankèt serye ak apwofondi ki fèt nan kominote Bomon, Grandans, pou ede nou konprann vrè koz ki dèyè zak vyolans ak move tretman kèk medam ap sibi.

Li enpòtan pou nou pa rete sèlman nan denonse konsekans yo. Fòk otorite yo ak aktè konsène yo chèche konnen rasin pwoblèm nan, tande temwayaj moun ki konsène yo, epi pran mezi apwopriye pou pwoteje fanm ak tifi yo.

Vyolans sou fanm se yon pwoblèm ki mande ankèt, prevansyon, jistis ak aksyon.

📻 Radio Simplicité FM — Enfòme, sansibilize, sèvi kominote a.

24/09/2026

Bagay yo anpil

Site Web

Adresse

Petit Goâve
HT6220

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque RADIO Simplicité publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Souscrire

Nous vous informerons quand tout se passe à Petit Goâve.