Pawòl Media
tout ti nouvèl tou cho
30/11/2024
Bon bagay
Pwodwi lakay
Ann supòte sak bon
30/11/2024
Ann supote sak fet lakay
30/11/2024
Ann supote lakay nan lakou new York
02/09/2024
Nan sa ki gen awè ak ogmantasyon ka varyol makak (MPox) nan mond lan, sak lakòz gen ijans imanitè, Ministère de la Santé Publique et de la Population ap fè popilasyon an konnen:
1- Pou moman sa, poko gen pyès ka varyol makak (MPox) ki idantifye nan peyi a. Men l ap kenbe popilasyon an enfòme de avansman enfeksyon sa.
2- L ap fè polilasyon an konnen tou, li ka pran enfeksyon sa, lè l antre an kontak dirèk ak yon moun enfekte, nan blese sou po, likid sou kò yon moun ki genyen l, likid k ap sòti nan bouch, likid k ap sòti nan nen oswa poumon yon moun ak varyol la.
3- Sentòm Maladi variyòl makak la (Mpox) se fyèv, tèt fè mal, doulè nan zo, fatig, Nòdil lenfatik anfle ak gratèl.
4 - Se yon maladi tout moun ka genyen. Se poutèt sa, konnen egzistans li enpòtan anpil yon fason pou n ka pwoteje tèt nou.
5- Prevansyon se pi gwo mwayen nou genyen pou n lite kont Mpox la. Nou dwe respekte tout règ ijyèn yo, evite rantre an kontak ak moun malad epi swiv tout sa otorite sanitè yo mande pou n fè.
Ministè a ap fè tout moun konnen l ap swiv evolisyon maladi a nan mond lan, pandan l ap kontinye travay pou kapab anpeche maladi sa rive sou nou nan peyi a. Li ranfòse tou siveyans epidemyolojik nan nivo santral ak depatmantal yo, yon fason pou kapab kontwole tout ti siy maladi a, sa k ap pèmèt li gen pi bon konpòtman fas ak ka sispèk yo.
Ministè Sante Piblik mande popilasyon an pou l toujou enfòme, epi respekte tout règ ijyèn tankou lave men n ak evite kontak ak moun sentòm sispèk yo.
02/09/2024
Enfòmasyon.
14/08/2024
Real Madrid
14/08/2024
