Rosedel Cosmetics
Información de contacto, mapa y direcciones, formulario de contacto, horario de apertura, servicios, puntuaciones, fotos, videos y anuncios de Rosedel Cosmetics, Santiago de los Caballeros, Santo Domingo.
🌿 Rosedel Cosmetics
Soins naturels pour une peau nette lumineuse et en bonne santé.
✨ Acné • Taches • Peau sensible
🧴 Savons • Sérums • Crèmes • SPF
📲 Commande & conseils sur WhatsApp
📧 [email protected]
www.youtube.com/RosedelMakeup-yy2nv
22/09/2026
Lèw se yon enfliyansè,yon blogè etc ou ta dwe fòme tèt ou avan paske chak enfo wap poste ou dwe minimum gen yon ti metriz nan sa wap ekri oubyen di paske konnia se pa sèl nou menm kòm Ayisyen kap gade e li saw poste.Wap dakò avèm ou paka ekspè nan tt bagay men se pou sa tou telf ki nan menw lan o mwen ou ka fè ti rechèch paw bref.
Map gade yon moun ki dòmi epil leve li ekri yon tenten san enfòme li postel sa ki banm plis pwoblèm nan mal nan komantè m wè yon pakèt moun ki fòme swiv li nan menm tenten li ekri yo se tris.
Map di sa ankò
Gen gwo diferans ant jij lakou de kasasyon (Cour de Cassation ) ak yon jij lakou dèkont e kontansye administratif ( Cour supérieur des comptes et du contentieux administratif ) .Yon jij koudèkont la pou afè administratif li pa la pou afè penal.
Jou pèp nou an fòme,edike nap kòmanse wè yon ti chanjman nan Ayiti nou vle a.
Bon lajounen tt moun
Kite nan komantè a ki swen ou pral fè jodia pou pow ak chevew
15/09/2026
Fò lekòl pa vle di ou pare pou lavi.
Lekòl ba w konesans, men lavi ap teste karaktè w. Se la w ap wè si w gen disiplin, pasyans ak fòs pou goumen lè bagay yo pa mache jan ou te planifye a.
Sispann fè jènn yo kwè lavi fasil.
Sispann fè yo kwè tout bagay ap fèt nan moman yo vle a.
Sa nou dwe aprann jenès la:
Pa pè echwe.
Pa dekouraje lè bagay yo pran tan.
Pa konpare chapit 2 ou ak chapit 20 yon lòt moun.
Aprann, adapte w, leve epi kontinye.
Lekòl ba w konesans.
Men lavi aprann ou kijan pou w sèvi ak konesans sa a.
Lavi mande pasyans, konsistans ak anpil kapasite pou rekòmanse.
Dapre ou, ki bagay ou ta renmen yon moun te di w anvan ou te antre nan lavi granmoun?
Ekri l nan kòmantè. Petèt yon jèn bezwen li jodi a. ❤️
14/09/2026
ANN SISPANN VANN JENÈS LA YON VI FASIL KI PA EGZISTE.
Nou bezwen sispann fè jèn yo kwè lavi dwe fasil, siksè dwe rapid, epi tout bagay dwe rive san sakrifis.
Ann montre yo kijan pou yo travay.
Ann montre yo kijan pou yo fè fas ak echèk.
Ann montre yo kijan pou yo ekonomize, aprann yon metye, devlope tèt yo epi pran responsabilite pou chwa yo.
Ann montre yo kijan pou yo tonbe, kriye si yo bezwen… epi leve ankò.
Paske dèyè anpil moun ki reyisi, gen anpil bagay nou pa wè:
echèk
sakrifis
pasyans
desepsyon
disiplin
ak anpil moman kote yo te prèske abandone.
Jenès la pa bezwen yon lavi imajinè. Li bezwen bon modèl, bon edikasyon ak verite.
Mwen vle konnen opinyon ou:
Ki youn nan bagay ou panse nou dwe sispann fè jèn yo kwè sou lavi ak siksè?
Ekri l nan kòmantè yo.
Pa gen move repons. Ann pale!
12/09/2026
Lèw pran swen pow ak bon jan pwodwi natirèl ou pa bezwen anpil pwodwi pou makiyaj ou bèl ekrim pou pran pwodui swen po paw la ak sèvis makiyaj ou.
02/09/2026
Bonjou tt fanm parèy mwen yo ki pa bezwen yon feminis fristre pou dim ki dwam genyen nan fwayem,wòl mwen antanke metrès.
30/08/2026
“Yon marenn ak yon parenn se pa jis yon non ou mete sou yon papye… Se yon moun ou chwazi pou antre nan lavi pitit ou.”
Marenn ak parenn nan pa ta dwe sèlman yon tit yo bay yon moun nan jou batèm oswa prezantasyon timoun nan.
Se moun ou chwazi pou kapab:
renmen pitit ou
akonpaye l
konseye l
ede l grandi nan bon prensip
epi rete yon prezans pozitif nan lavi li.
Yo ta dwe moun ki ka ranplase manman ak papa si tout fwa nou ta gentan travèse.
Pafwa, moun nou chwazi yo pa toujou moun ki pi pre nou, men se moun nou gen konfyans nan karaktè , valè ,AK disiplin li.Se pou sa li enpòtan lè wap chwazi marenn ak parenn pou pitit ou pou poze tèt ou kesyon sa yo.
💭 E ou menm, lè ou te chwazi marenn ak parenn pitit ou, ki sa ki te pi enpòtan pou ou?
👉🏽 Fanmi? Zanmitay? Karaktè moun nan? Relasyon li ak timoun nan? Oswa kapasite li pou akonpaye pitit ou pandan l ap grandi?
👇🏽 Pataje opinyon ou nan kòmantè yo.
26/08/2026
BOUTON OU TE DISPARÈT… MEN TACH LA RETE?
Pa tout tach nwa ki menm! 👀
Tach apre bouton: li parèt souvan apre yon bouton fin geri. Se po a ki vin pwodui plis pigman nan zòn ki te enflame a.
Pigmantasyon/melasma: tach yo ka parèt san bouton, souvan akoz ekspozisyon ak solèy oswa chanjman òmòn.
Se poutèt sa, li enpòtan pou konnen ki kalite tach ou genyen anvan ou chwazi yon tretman.
💛 Pran swen po ou avèk konesans, pa sèlman avèk pwodwi.
Ou menm, tach nwa ou yo parèt apre bouton oswa yo parèt dirèkteman
26/08/2026
Gen yon bagay m wè medame ki nan mouvman feminis yo ap konfònn kise
Defann dwa yo antanke ke fanm ak maledve, se 2 bagay diferan wi souple yo pa menm non.Anpil nan nou maledve depi kay paran nou epi lè nou vin an koup nou panse se dwa nou nap defann pafwa nou tèlman kochon menm pwòp pitit nou paka sipòte nou.Fanm maledve se graten boule.Antouka lèw aprann fè diferans lan wap wè vi an koup pat janm difisil vre jan nap fè mesaj yo pase a.
Bon lajounen tt moun
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.
Contactar con la empresa
Teléfono
Dirección
Santiago De Los Caballeros
Santo Domingo
51000
Notificaciones
Sea el primero en enterarse: le enviaremos un correo electrónico cuando Rosedel Cosmetics publique novedades y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin y puede darse de baja en cualquier momento.
