Ti Koze Nou Dwe Konnen
Le 29 juin 2023
04/09/2023
29/08/2023
Fèt patwonal Ti Rivyè Bayonè: Pè Eugène Guillaume fè apèl ak konsyans patryotik chak ayisyen pou rekonstwi Ayiti
AAP News, 29 Dawout 2023-(Gonayiv)- Kire pawas Tènèv la, Pè Eugène Guillaume, envite moun kap fè politik nan peyi a pou kreye lekòl klasik ak pwofesyonèl pou jènn yo olye yo oryante yo nan banbòch ak kriminalite.
Pè Eugène Guillaume ki tap pale nan okazyon fèt « Sen Ogisten » nan Bayonè (3è seksyon kominal Gonayv) fè konnen jenès la pa gen modèl e se rezon sa a ki kòz yo lage nan kriminalite ak tout lòt vye zak.
Administratè pawas Tènèv la mande "ki kote entèlektyèl ayisyen yo ye pou peyi a plonje tout longè konsa a nan kriz politik, ensekirite ak grangou.
Li mande yo kiltive lasajès pou yo pa tonbe nan pwoblèm konsesans ak enkredilite ka mete yo.
«Pandan entelektyèl ap chèche rezoud pwoblèm, moun ki saj la ap evite yo » deklarasyon Pè Eugène Guillaume ki fè konnen lakrent pou bondye se pi gwo sajès la.
Kire pawas Tènèv la mande fidèl katolik yo pou aprann renmen, paske lè yo renmen tout bon vre, yo komanse pratike kòmandman yo.
Se sou tèm « Bondye granmèt se ou ki sous lapè a, koute priyè nou avek Ogisten ki sen, pou peyi dayiti », plizyè santènn pawasyen Bayonè te patisipe nan mès la kite selebre an prezans divès pè katolik ak reprezantan pouvwa lokal yo.
René Darius, tout moun konnen sou non Ernest, te reprezante Òganizasyon politik, Kolonn ki bat nan aktivite sa a.
AAP News, 29 Dawout 2023
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Gonaïves
4110
