EMC Echo Medical Center

EMC Echo Medical Center

Partager

ECHO MEDICAL CENTER, une institution médicale gonaivienne spécialisée en diagnostique médicale t

18/04/2026

🤰✨ ECHO MEDICAL CENTER – Swen espesyal pou manman ak tibebe ✨🤰

Ou ansent? Bay tèt ou ak tibebe w la pi bon swivi medikal la ak sèvis sonografi modèn nou yo. Nan ECHO MEDICAL CENTER, nou mete teknoloji avanse ak yon ekip pwofesyonèl kalifye a dispozisyon w pou asire yon gwosès an sante.

📍 Suivi regilye pou verifye devlopman tibebe a
📍 Deteksyon bonè nenpòt pwoblèm
📍 Imaj klè pou w viv chak etap gwosès la ak kè poze

💙 Paske sante w ak sante tibebe a se priyorite nou!

📞 Pran randevou jodi a epi vini fè yon sonografi epi resevwa swen ki inspire konfyans .
ECHO MEDICAL CENTER – Nou la pou chak batman kè tibebe w.

04/04/2026

Yon nouvo mwa ki rantre

ECHO MEDICAL CENTER renouvle angajman li pou l' kontinye founi moun Gonayiv pi bon swen sante ak egzamen laboratwa posib

Pa ezite vini kote nou chak fwa gen bezwen bon rezilta

01/04/2026

Pi gwo kado Bondye te ka ba nou se lasante

Ann fè efò poun konsève l nan bay tet nou bon jan abitid nan sa nap konsome epi al fè tchèkòp kay doktè regilyèman

ECHO MEDICAL CENTER ap swete nou pase yon bòn semèn

22/03/2026

Eske w te konnen ke ECHO MEDICAL CENTER se youn nan ra kote nan vil Gonayiv wap jwenn egzamen "hystérosalpingographie"?

18/03/2026

Eske w te konnen ke ECHO MEDICAL CENTER se youn nan ra kote nan vil Gonayiv wap jwenn egzamen "repas baryté"?

04/03/2026

🌿 Lasante se pi gwo richès nou. Lè nou pran swen kò nou, lespri nou vin pi fò, rèv nou vin pi klè, epi chak nouvo jou vin yon benediksyon. Pran swen tèt ou jodi a, pou demen ka souri w.

ECHO MEDICAL CENTER ap swete w pase yon bòn semèn❤️

26/02/2026

La santé est essentielle à l’épanouissement humain : elle soutient le corps et l’esprit, permet d’affronter les défis, de travailler sereinement et de savourer la vie pleinement chaque jour.

À ECHO MEDICAL CENTER nous évertuons à prodiguer les meilleurs soins possibles à nos patients

Passez nous voir cette semaine pour votre consultation et vos bilans de santé

19/02/2026

Eske w te konnen ke nan ECHO MEDICAL CENTER nou bay swen d'ijans ak obsèvasyon pou pasyan tou ?

Pa ezite nou nenpot sousi sante ou ta genyen !

17/02/2026

Ou ta renmen konsilte yon bon doktè jinekològ, epi fè sonografi menm kote a?

Vini non ECHO MEDICAL CENTER, nap sèvi w' trapde

17/02/2026

Pa bliye :
Pi bon entèpretasyon egzamen radyografi yo se nan ECHO MEDICAL CENTER wap jwenn yo

Nou swete w pase yon bòn semèn anba gras Bondye ❤️🙏🏽

🏥

09/02/2026

Nou pati pou yon lòt sèmèn travay

Nou renouvle angajman nou poun kontinye baw sèvis ak swen sante ki pi pwofesyonèl posib

Pa ezite vini nan ECHO MEDICAL CENTER chak fwa w bezwen bon jan diagnostik ak tretman !

09/02/2026

Èskew santi doulè lè wap p**i? Ou gen doulè nan do oubyen nan ren? Oubyen ou wè koulè p**iw chanje? Pa neglije kòw, paske sa yo kapab se siy ki montre gen yon pwoblèm nan sistèm irinèw.

Nan ECHO MÉDICAL CENTER, nou mete a dispozisyon ou sèvis sonografi irinè ki pi pwofesyonèl la, pou n ka ede w jere sante w jan sa dwe fèt.

🏥

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Gonaïves ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Gonaïves
4110HT