IssaFro Haïti
ISSAFRO se yon mak ki ap valorize bote fanm nwa, pandan l ap fòme yo epi ofri bon jan pwodui natirèl. Ou bezwen konn koman pou w pran swen kò w?
Pou w prevni maladi? Pou w fè tèt ou plis konfyans? Pou w Met Fanm nan Fanm ou? ou vle jwenn bon jan pwodui bote ki pou ede w pran swe n kò w nègès. ISSAFRO, Fyète nègès!!!
29/07/2026
Sa w ap gade a la, se li menm ki anpeche cheve w long. E li mezire apèn yon milimèt.
Kontrèman ak sa anpil moun panse, cheve afro se yon tip cheve ki boukle tou, men bouk pa li yo, pi sere. Sa lakoz cheve yo renmen ratresi, e se sa ki fenomèn yo rele "shrinkage" la. Se yo fenomén natirèl, depi cheve w ansante, li paka pa fèl. Men akoz fenomén sa, cheve yo konn telman ratresi, bouk yo mare antre yo, li kreye ne.
Se ne sa yo ki rann cheve yo mare, mal pou demele, e si w mal demele yo menm, y ap kase.
M ap pataje avè w 4 konsiy pou w ka evite sa:
Men avan sa, Si w vle jwenn plis konsèy pou w glow up capillairement gras ak lasyans, abone ak paj la, epi si w vle jwenn bon jan pwodui efikas, pou w kore ak konsèy syatifik ekrim nan 47386541.
Kòm pwomi, men 4 konsiy pou w evite cheve w kase akoz ne yo:
1. Si w pa gen pasyans pou demele cheve w, pa pran kwafi k ap lakoz yo mare. Tankou afro ak chiyon. Toujou kenbe cheve w byen detire.
2. Toujou kite cheve w byen idrate pou nan moman demelaj la, pou ne yo pa lakoz cheve w kase. Krèm multifonction Issafro a, ka demare nenpòt ki ne.🥰
3. Pa demele cheve w nenpòt kòman, ni twò souvan. Gen plizyè videyo sou paj la deja ki pale sou fason nou dwe demele cheve nou, pou evite yo kase koz ne yo.
4. Mete luil sou kò cheve a regilyèman, pou ka evite cheve yo frote antre yo, pou yo pa fè ne.
24/07/2026
Eske w konn kisa ki anpeche cheve pouse?
Repons: ANYEN DITOU.
Cheve w pouse chak jou. Si l paka pi long pase jan l konn abitye ye, se oumenm ki lakoz. Se ou ki kase cheve w nan:
1. Fason w ap demele l
2. Fason w ap lave l
3. Fason w penyen
4. Fason ou itilize jèl...
Si w vle jwenn bon konsiy ak bon pwodui pou w fè cheve w long, ekrim nan 47386541📱
20/07/2026
MEN KÒMAN POU W REKONÈT SI CHEVE W AP TONBE NÓMALMAN OUBYEN SI OU FÈ CHIT.👌🏾
Si w ap suiv paj sa lontan, w ap konnen nou pèdi an mwayèn 80 cheve pa jou, ki tonbe ak tout rasin. Se yon fenomèn ki nòmal, ansyen cheve yo tonbe pou nouvo ka cheve pouse.
Pakont, si ou pèdi plis pase 100 cheve pa jou, sa vle di ou fè chit. Ou gen yon pwoblèm ki koz yo ap tonbe. Pwoblèm nan ka alopesi andwojenetik, kèk karans limantè, akouchman, elatriye.
Men yon tès byen senp k ap pèmèt ou konen si cheve w ap tonbe nòmalman, oubyen si ou fè chit:
1. Fè 24 è san demele cheve w.
2. Aprè delè sa fin pase, w ap pran yon très cheve, ki kouvri anviwon 1cm² nan potèt ou.
3. W ap rale l, kòm si ouvle rache cheve a nan potèt ou.( Pa fè l sovajman, objektif la se pa pou w blese)
A. Si aprè yon ti moman, 1 a 2 grenn cheve ak tout rasin vin jwenn ou , sa vle di ou cheve w ap tonbe nòmalman.
B. Si 3 oubyen plis cheve ak tout rasin vin jwenn ou, sa vle di ou fè chit, y ap tonbe plis pase lanòmal.
C. Si se kèk ti pwent cheve ki vin jwenn ou san rasin, sa vle di ou gen fouch.
Si w cheve w ap tonbe san kontwòl oubyen ou fè fouch, watsap mwen nan 47386541, pou w ka jwenn konsiy ak bon pwodui pou w pran swen cheve w 🥰
Ann voye gam ISSAFRO A FONDÈNÈG, TIGWAV AK NAN VIL OKAY AK MWEN🥰
17/07/2026
PA KONFONN CHEVE K AP KASE AK CHEVE K AP TONBE.
An jeneral, nou pèdi anviwon 80 cheve pa jou. Se yon fenomèn ki nòmal, ki fè pati s*k lavi cheve a. Lè cheve sa yo rive nan fen lavi yo, yo tonbe pou nouvo cheve ka pouse. Yo tonbe men longè ak tout rasin.
Pakont, si cheve w ap tonbe bout pa bout sou zepol ou, pwent yo rèd, oubyen yo kenbe menm longè a depi lontan,sa vle di se kase yo kase. 😔Li pa nòmal. E plen rezon ki ka lakoz yo kase.
Si w vle jwenn rezon ki fè cheve w ap kase epi jwenn bon jan pwodui🥰 pou w pran swenl, ekrim nan 47386541. Map kontan ede w.
14/07/2026
SI W VLE KASE CHEVE W, LAVE YO MENM JAN AK NIMEWO 1️⃣ AN. KONSA, W AP MARE YO, Y AP FÈ NE. LÈ W AP DEMELE YO, NE YO AP KASE. E OKENN PWODUI PA P KA FÈ CHEVE W LONG.
SI W VLE DIMINYE NAN KAS CHEVE W, LAVE YO PA SEKSYON MENM JAN AK NIMEWO 2️⃣ A. YO P AP FÈ NE, SE CHEVE KI POU TONBE SÈLMAN K AP TONBE.
NOTEBYEN: GEN DIFERANS ANT CHEVE K AP KASE AK CHEVE K AP TONBE. SI NOU VLE M FÈ DIFERANS LAN, KÒMANTE: " MWEN VLE". Randevou demen si Bondye vle🥰.
13/07/2026
FÈ SA SI W VLE CHEVE W POUSE TOUT BON VRE.
Gen yon sèl règ kapilè pou w toujou bat pou w respekte, menm si ou pa suiv lòt yo toutan.
🔸 Se sèl grenn règ sa ki pèmèt cheve m pousse konsa.
🔸 Sèl li ki pi fasil pou w respekte, li p ap mande w disiplin.
🔸 e se sèl li k ap montre w, ke pran swen cheve afwo pa difisil vre .
M konn fè neglijans, pa idrate yo, pa met bonè avan m domi. M konn fè neglijans, m lave yo apre yon mwa. Si m pa gen 3 zan depi m fè yon mask, li plis.🤦🏽♀️( Sa pa vle di pou nou pa fè yo non souple, chak moun gen moman parès yo).
Donk, Sèl grenn règ pou w toujou bat pou w respekte a fanmi , se pa🙅🏽♀️ demele cheve w, avan jou ou fikse pou w demele yo a. Pa egzanp, m demele cheve m chak mwa , oubyen chak 2 mwa lè m pa gen tan ditou. Sa ki fè mwen demele cheve m SÈLMAN 10 fwa pa ane.
Toutotan mwa pa rive, pa gen anyen k ap fè m pase peny nan cheve m.🫠 Menm si w wè m chanje kwafi avan mwa fini, menm si w wè m penyen chou, pa okipe w, M pa demele l.
Bat pou w toujou Respekte sèl règ sa, epi itilize pwodui Issafro yo, w ap wè a ki vitès cheve w ap alonje. Kliyan m yo ka temwaye🥰
Pa bliye abone ak paj la pou w ka okouran de tout bon jès pou w aplike sou cheve w, ki pwouvre syantifikman. Epi ekrim nan 47386541, si w vle jwenn yon bon gam pou w pran swen cheve w.
12/07/2026
Gen 2 pati nan cheve w ki pi enpòtan pou w pran swen: RASIN yo, ak PWENT yo.
Potèt ou dwe toujou pwòp pou anpeche kras bouche "follicules pilleux" yo, kote rasin yo ap pouse a. Si yo bouche, sa ap anpecheve nouvo cheve pouse, sa k ap rann cheve w pèdi dansite l, li pap founi ankò. Kidonk, lave yo regilyèman epi evite kite jèl kouvri li.
PWENT yo dwe toujou byen idrate, paske se pati ki pi ansyen nan cheve a, donk se li ki sibi plis domaj. Toujou idrate yo, mete luil pou Pwoteje yo epi pa bliye koupe yo regilyèman.
Si w vle jwenn bon pwodui ak coaching gratis pou w rezoud pwoblèm KAPILÈ w la, ekrim nan 47386541. M ap kontan akonpanye w.🥰
10/07/2026
An 2022, m te patisipe nan maryaj 2 zanmi m antanke demwazèl donè (ketez). Pou m te ka sanble ak lòt ketez yo, yo te oblije repase cheve m, paske nan tout medam yo, se sèl mwen ki pa t met pèmanant.
Lè yo fin goumen nan repase cheve m, paske cheve yo pa t vle, yo te rebèl anpil, kwafez la te oblije mete jèl ladan yo, pou fòse yo kouche. Cheve yo tèlman rebèl, yo annik met jèl la, yo retounen grenn ankò 😅. Bref, yo te reyisi penyen yo kanmèm anba anpil mizè.
Fanmi m yo, m p ap kache di nou. Aprè mezavanti sa, m te sèmante m pa p fè ketez pou moun ankò, paske depi jou sa, cheve m vin rèd anpil. Ou gendwa fèk demele yo, epi aprè 30 segond, yo mare ankò, kòmsi ou pat janm fè anyen. Chak fwa map, demele yo, pil cheve ap tonbe atè, pa bout, dèfwa ak tout rasin. Epi yo wouj met sou li. Ala, mwen te gen yon bon luil...🤦🏽♀️
M fè ti rechèch sou entènèt, sa ki vin fèm konnen se idratasyon cheve m bezwen. M fè ti SEWÒM idratan, sele idratasyon, Nad marinad, anyen pa janm mache. Lè m wè sa, m pa dekouje, m kontinye fè rechèch pou m jwenn kot pwoblèm nan soti.
Se lè sa map vin konprann, cheve m gen powozite fò akoz fè cho a. E sèl sa ki ka rezoud li, se yon chanpou ki p ap fèl pi mal, ak anpil pwoteyin. Se konsa m tonbe chache krèm ak chanpou ki adapte ak cheve afro sou mache a. M depanse kòb, m achte plizyè krèm ak chanpou, m pa janm ka jwenn youn ki rezoud pwoblèm nan. Genyen m konn menm jete. Lè m wè sa, m di bon, m ap fè pwòp pwodui pa m.🥲
Linivè te tande mwen. Se konsa m al tonbe sou yon kou Fomilasyon Kosmetik. M te pwofite pran l. M aprann, m kreye, m tonbe, m fè anpil erè, jiskaske m vin jwenn fòmil ki bon tout bon vre ki bay rezilta. Se konsa, aprè yon lane, cheve m vin pa rèd ankò, yo vin pi long chak ane, epi menm koulè a vin fonse, se mwen ki pou di w cheve m koulè kanèl.🥰
Epi m di, pouki pou m pa pataje l ak mond lan? Sa l fè pou mwen an, la fè l pou nou tou.( Epi m te bezwen lajan😅). Se konsa, an rezime, ISSAFRO vin pran nesans.
Kidonk, si w vle rezoud pwoblèm kapilè w, menm jan ak mwen, men san w pa pase tout mizè m te pase yo, ekri m kounya nan 47386541. Map kontan ede w.
Pran swen kò nou pou nanm nou ka kontan viv ladann🧡
ÈSKE PWENT PENY SE KWAFI PWOTEKTÈ ❓
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Site Web
Adresse
Cayes, Rue General Marion
Les Cayes
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 16:00 |
| Mardi | 09:00 - 16:00 |
| Mercredi | 09:00 - 16:00 |
| Jeudi | 09:00 - 16:00 |
| Vendredi | 09:00 - 16:00 |
| Samedi | 09:00 - 16:00 |
