Feyton pam 808
bonjou/bonswa paj sa kreye pou fè lektè yo plezi ak bel ti feyton, e'm garanti nou sa nou pap regrèt.
01/10/2026
Bonswa fanatik Mwen yo, kijan nou ye?
Mwen espere tout Bagay anfom pou nou.
(Rédemption)
KISA “RÉDEMPTION” VLE DI?
Rédemption se yon mo ki pale de dezyèm chans, reparasyon ak delivrans. Se lè yon moun rekonèt erè li yo, li aksepte konsekans aksyon li yo, epi li chèche chanje pou l vin yon pi bon moun. Rédemption ka vle di tou eseye repare sa ou te kraze, mande padon pou sa ou te fè, epi chèche jwenn yon nouvo kòmansman malgre tout sa ki te pase oparavan.
Paske pafwa, yon moun ka fè move chwa…
Li ka tonbe…
Li ka pèdi tèt li…
Li ka fè lòt moun soufri…
Men sa pa toujou vle di istwa li fini la.
Rédemption se chemen yon moun pran pou l eseye vin pi bon pase moun li te ye a.
Se kesyon sa ki pi enpòtan an:
Èske yon moun ki te fè erè nan pase li ka jwenn yon dezyèm chans pou l chanje lavi li?
Se egzakteman la tout sans mo RÉDEMPTION an chita.
Rédemption — paske pafwa, pi gwo viktwa yon moun se pa genyen sou lòt moun, men se rive sove tèt li anba moun li te ye a.
👇🏾*Anons ofisyèl pou nouvo feyton an: Rédemption*👇🏾
RÉDEMPTION
Junior se yon jèn gason 30 an k ap viv poukont li pòtoprens (Delmas). Li pa gen fanmi. Tout fanmi'l te genyen mouri nan tranblemanntè ki te frape Pòtoprens 12 janvye 2010. 15 an apre, blesi ak pèt sa a toujou la li pa janm geri. Chak jou, souvni lanmò fanmi l yo ap vasiye nan tèt li. Li aprann viv ak doulè a, men li pa janm rive bliye sa li pèdi yo. Junior pa t janm gen chans fini lekòl. Pou l kapab viv, li pran yon chemen ki mete l lwen de tout sa ki nòmal. Li vin tounen yon asasen kap touye Moun pou moun ki gen pouvwa, sitou gwo otorite nan leta ak moun ki gen anpil enfliyans nan sektè prive a.
Nan metye sa a, Junior pa kite emosyon pran kontwòl li. Li konn fè travay li byen, rapid epi pwòp. Se youn nan rezon ki fè anpil moun chèche sèvis li. Lè Junior resevwa yon misyon, sa vle di yon moun dwe mouri.
Men yon jou, yon moun nan sektè prive a ba li yon nouvo kontra. Misyon an se : touye yon jèn demwazèl.
Junior aksepte travay la san l pa reflechi. Pou li, se jis yon misyon tankou anpil lòt li te deja egzekite.
Men fwa sa a, bagay yo pap menm jan.
Pandan Junior ap prepare pou l egzekite misyon an, li kòmanse dekouvri gen anpil bagay yo pa t di l. Dèyè lòd li resevwa a, gen yon seri sekrè ki pi fon pase sa'l ta imajine. Plis Junior ap chèche konnen kiyès jèn demwazèl sa a ye, se plis li ap antre nan yon istwa ki konekte ak anpil moun, epi anpil evènman ak sekrè li pa t janm konnen ki egziste deyè misyon sa.
Epi Junior pral oblije fè fas ak yon verite ki kapab chanje tout bagay...
Paske pafwa, moun yo ba w lòd pou w elimine a se pa vrè sib la.
RÉDEMPTION
Yon misyon. Yon sekrè. Yon verite ki kapab chanje lavi Junior pou tout tan.
🔥 RÉDEMPTION 🔥
Apre Pri richès la, yon nouvo istwa pral kòmanse...
Gen moun ki fè erè yo ta renmen efase.
Gen moun ki pote sekrè yo pandan plizyè ane.
Gen moun ki pèdi tout bagay akoz desizyon yo te pran nan pase yo. Men lè tan pase, èske yon moun ka vrèman chanje?
Rédemption ap mennen nou nan yon istwa kote lanmou, trayizon, sekrè, doulè ak konsekans ap kwaze youn ak lòt. Yon pèsonaj pral oblije fè fas ak pase li pou l ka jwenn yon dezyèm chans.
Men kestyon an rete:
Èske tout moun merite yon dezyèm chans? 👀
🩸 RÉDEMPTION — Nouvo Feyton an ap vini...
Byento sou paj la. 🔥
Nou pa bliye Patajel epi envite zanmi nou vin li Feyton an. One Love all✌🏿
Mwen pa konnen si nou te remake sa, men an reyalite, Samuel te dwe divòse ak Yella apre li te fin twonpe l ak James (Chymya). Relasyon an te dwe fini nèt depi nan moman sa a.
Èske nou pa wè sa? Si Samuel pa t la, Antite sa yo t ap fin masakre tout fanmi an nèt! Se depi apre lanmò Eldia, Samuel pran desizyon pou l kanpe anfas yo, li decide pran tout bagay an men , pou l pwoteje fanmi l kèlkeswa pri a!
Èske nou te remake ke nou pa t wè prezans Junie ditou nan epizòd final la? 🤔👀 Kisa nou panse ki te rive l? Èske absans li a gen yon siyifikasyon daprè nou?🧐🤔🤔
27/09/2026
❤️ MESAJ POU TOUT FANATIK “PRI RICHÈS LA” ❤️
Mwen vle pran yon ti moman pou m di mèsi ak tout kè m ak chak moun ki te pran tan pou suiv Pri richès la depi nan Sezon 1 rive nan Sezon 2.
Mèsi pou chak moun ki te li epizòd yo, ki te tann chak nouvo piblikasyon, ki te fè kòmantè, ki te bay opinyon yo, ki te kritike, ki te ankouraje m, ki te defann istwa a, epi sitou mèsi ak tout moun ki te kite imajinasyon yo antre nan linivè mwen te kreye a.
Nou te viv anpil bagay ansanm: nou te ri, nou te sezi, nou te poze kesyon, nou te dekouvri sekrè, nou te wè kèk pèsonaj chanje, nou te pèdi kèk moun, epi nou te rive nan yon fen mwen te chwazi pou istwa a.
Jodi a, mwen ka di nou sa ak anpil emosyon: istwa pèsonaj yo nan “Pri richès la” fini la.
Apre Sezon 2 a, pap gen okenn lòt sezon ankò. Chapit Samuel, Yella, Darly, Roselande, Louis, Fabienne ak tout lòt pèsonaj yo fèmen definitivman.
Mwen konnen gen kèk nan nou ki ta renmen wè yon Sezon 3, men mwen vle kite istwa a fini kote mwen santi li dwe fini an. Pafwa, yon bon istwa pa bezwen kontinye pou toutan; li bezwen konnen ki lè pou l fèmen pòt la.
“Pri richès la” pa t sèlman yon istwa mwen t ap ekri. Se te yon vwayaj nou te fè ansanm.
Mèsi paske nou te bay pèsonaj sa yo vi. Mèsi paske nou te fè istwa a grandi. Mèsi paske nou te la depi premye epizòd la jouk nan dènye mo a.
Se avèk anpil respè ak rekonesans mwen di nou:
MÈSI POU TOUT LANMOU AN. ❤️
MÈSI POU TOUT SIPÒ A. 🙏🏿
MÈSI paske NOU TE FÈ “PRI RICHÈS LA” VIV.
Pri richès la — Sezon 1 & Sezon 2.
Fen istwa a. 🖤
— Franco Georges
Otè “Pri richès la”
26/09/2026
Epizòd : 20 final
Sezon : 2
Tit : pri richès la
Otè : Franco Georges
*Samuel Kanpe lap gade darly ki atè a kap jigote, Roselande li menm ap souke kòl, lap Bay san nan bouch, Roberto kanpe li pa konn sa pou'l fè telmanl Sezi, Louis ak Fabienne kouri parèt kote yo.*
Louis : sak genyen la?
Samuel : Yella aaaaaah.
Yella : kisa ! Ou pa wè li Manke touyew.
Roberto : yon Moun ka explike'm sakap pase a?
Samuel : pita wap konprann pi bien.
(Samuel kouri parèt kote darly atè a)
Samuel : li antre Fon darly ?
Darly : wi Yon kòt mwen kase.
Samuel : fòk ou al lopital.
Yella : e Roselande?
Samuel : hen ! kisa ?
*Samuel vire gade Roselande kap jigote atè a, Roberto ap gade'l tou ak dlo nan je, pandan yap gade'l Konsa, Yon limyè Soti nan tèt li Epil disparèt, Samuel gade Yella, Louis gade Fabienne, Roberto sezi wè limyè sa Tou, Roberto parèt kote Roselande atè a, li mete Menl kou Roselande, Roberto Gade Samuel.*
Roberto : mwen santi Yon ti pou Samuel.
Samuel : Bagay serye ?
Roberto : wi an'n al lopital avèl.
Samuel : an'n ale non, Louis ede Roberto pran Roselande.
Louis : dakò.
*Louis kouri al ede Roberto pran Roselande atè a, Fabienne kouri al deyè Yon sèvyèt pou san🩸 dispann koule sou Roselande, Samuel pran Darly atè a epi yo soti, lè Rive deyò a, yo mete yo nan machin nan epi yo ale avè yo, Yella kanpe nan lari a ak zam nan nan Menl lap gade machin nan ki prale, Rebecca parèt kotel deyò a.*
Rebecca : manmi tout Bagay ok.
Yella : wi antre andan.
Rebecca : poukisaw genyon zam nan Men'w?
Yella : ou pa Bezwen konnen ok, mwen diw antre se Antre.
Rebecca : men manmi mwen te tande bal tire nan Salon an.
Yella : mwen fout Diw antre se Antre ok.
Rebecca : ebien ok.
*Rebecca gade manmanl Epil antre, Yella antre li fèmen baryè a Epil antre andan Kay la. Samuel li menm ap kondi machin nan vit pou'l teka Rive lopital la, darly ap Soufri, Roselande li menm prèske ale, Roberto ap gade yo, Fabienne ap peze sèvyèt la sou lestomak Roselande pou anpeche Twòp san soti.*
Roberto : èske Yon Moun ka explike'm sa ki sot pase Kay Samuel la?
Samuel : sim explikew ou pap konprann.
Roberto : ha bon! Mwen pap konprann, Samuel mwen sot wè Mandan'm ou tire sou Roselande san konn poukisa.
Samuel : Roberto nan moman sa se sove yo avan, aprè Map reponn ak tout kesyonw yo.
Roberto : dakò.
*Samuel ap kondi machin nan vit, Fabienne li menm Kenbe sèvyèt la sou lestomak Roselande pou anpeche Twòp san koule, Kelke minit aprè yo Rive lopital la, yo kouri desann avè yo, yo antre lopital la, Yon doktè kouri parèt kote yo.*
Doktè : sa yo genyen ?
Samuel : Youn pran Yon kout kouto, lòt la pran bal.
Doktè : ok Bagay yo konplike fòk nou pase nan kès la pou'n jere premye frè a, aprèsa nap gade yo.
Samuel : kisa fout pran swe yo kounya, ou pa konn a kimoun wap pale la, Fèsa rapid.
Doktè : dakò Mr.
*Doktè a rele lòt medsen yo, yo pran Darly ak Roselande nan men yo, yo Ale avè yo, Samuel al nan akèy la li peye frè lopital la kèk minit aprè li parèt kote Roberto ak Louis epi Fabienne li chita, Roberto gade Samuel.*
Roberto : pou Jan mwen te wè Roselande tap bay san, ou kwè lap viv Samuel ?
Samuel : an'n espere sa.
Roberto : si Roselande mouri fòk Yella al nan prizon.
Samuel : kòman sa?
Roberto : ou te avèg Samuel, ou pat wè Yella tire sou li.
Samuel : Sete lejitim defans.
Roberto : li bal 3 bal Samuel.
Samuel : ou pat wè se mwen li ta pral Pike.
Roberto : men sak te pranl?
Fabienne : li te posede.
Roberto : posede kòman ?
Samuel : menm sim ta explikew ou pap konprann non, ou pat wè li bay darly Yon kout kouto ?
Roberto : wi.
Samuel : ebien depi la fòw te gentan wè genyon Bagay kipa nòmal..
Roberto : ou gen Rezon wi.
*Yo Chita yap pale. Berline (Garmia) li menm kanpe nan chanm li an lap reflechi, Berline lap réfléchi ak bel moman li te konn pase ak Samuel lel te nan kò Fabienne nan, pandan lap reflechi konsa pòt li a vin ouvè, lel gade li wè se Gama.*
Berline : kisa Gama ?
Gama : Samuel touye Chylya tou.
Berline : kisa 😳 kòman ? Tekwè junie te di nou ke Chylya bien enfiltre Kay Samuel la.
Gama : ebien Samuel dekouvril.
Berline : kèt ebien sa nap fè ?
Gama : pagen lòt solution fòk nou al elimine yo lakay yo.
Berline : kisa lakay yo non, li pap bon Gama.
Gama : nou pagen lot chwa non, Samuel voye ale Twòp Antite pou nou.
Berline : kèt.
Gama : preparew pita nèt nou pral fini ak sa..
Berline : dakò.
Gama : Junie gentan ale.
Berline : kisa li kite nou pou kò nou?
Gama : wi.
Berline : aaaaaah problèm.
Gama : pa enkyetew nou pral jere sa.
Berline : dakò.
*Gama soti li femen Pòt la, Berline kanpe lap reflechi, dlo Soti nan jel. Samuel li menm Chita nan sal akèy la lap reflechi, Fabienne, Louis, Roberto yo tout fè silans, yo pa Wè sa pou yo Di tou.*
Samuel : bon fòk mwen ale.
Roberto : kisa Samuel, Pitit ou darly la wi.
Samuel : mwen konnen wi se Youn nan Rezon fòk mwen ale lakay la, mwen pa konnen sa lòt Antite yo ap prepare mwen pap ka kite timoun yo pou kò yo.
Roberto : sak Antite a?
Samuel : Map gentan explikew sa frè Pam.
Roberto : ebien ok.
Samuel : Fabienne, Louis fòk nou ale avèm, nap kite Roberto rete lopital la.
Roberto : tem rele manman'm pou'l dil vini.
Samuel : non pa lapèn rele'l ok.
Roberto : ebien ok.
Samuel : depiw wè Yon Bagay kipa nòmal ap pase rele'm ok.
Roberto : dakò.
Samuel : Fabienne, Louis an'n ale.
Fabienne : dakò.
Louis : ok Mr Samuel..
*Samuel leve Fabienne ak Louis leve tou, yo swiv li, Samuel soti deyò a tou move, Samuel moute machin li an, Fabienne ak Louis moute epi yo ale, Samuel ap kondi machin nan lap panse ak jan darly tap Soufri a, Kelke minit aprè yo Rive, Samuel paki'n machin li an deyò lari a Epi yo desann, Samuel ouvè baryè a li antre, apèn li parèt nan lakou a li wè Yella Kanpe, Samuel parèt kotel.*
Samuel : kote sekirite a?
Yella : jodia se jou repol li pat vini.
Samuel : ebien ok! Kote timoun yo?
Yella : yo nan chanm yo, Rebecca tap plede pozem kesyon mwen pa konnen sa pou'm dil.
Samuel : pa dil anyen ok.
Yella : poukisaw vini la, kòman Roselande ak Darly ye?
Samuel : yo lopital la, mwen kite Roberto lopital la, sak tonbe lap fèm konnen..
Yella : Saw vin fè la?
Samuel : mwen vini la, paskem gen Yon presantiman.
Yella : Ebien ok.
Samuel : Fabienne ak Louis nou met antre wi.
Fabienne : dakò.
*Fabienne Kenbe men Louis epi yo antre, Samuel kanpe nan lakou a ak Yella, Samuel vire lap Gade baryè a, Yella parèt bokotel, li gade'l.*
Yella : ou anfom love ?
Samuel : Tout sa m te vle nan lavi m, se te viv lavi mwen te toujou reve a… yon lavi kote m pa t ap janm manke anyen, kote m te kapab viv san limit e san m pa bezwen pè demen. Epi, ann di verite a, Yella… nan mond sa a, kiyès ki pa ta renmen konnen sa sa vle di pou w gen lajan, pou w viv nan liks, pou w jwenn tout sa kè w anvi? Men pou mwen, tout lavi m te chaje ak mepri, imilyasyon ak inyorans. Mwen te toujou santi se tankou mond nan te fèmen pòt li devan mwen. Se sa ki te fè m aksepte pak la lè opòtinite a te parèt devan mwen. Mwen te kwè se te sèl chans mwen genyen pou m chanje desten mwen. Men mwen pa t janm imajine… mwen pa t janm panse… pri richès sa a t ap koute m tout bagay mwen te vin renmen yo. Jodi a, mwen konprann yon bagay: gen kèk richès ou jwenn nan lavi a ki pa mezire ak kantite lajan yo pote, men ak kantite bagay yo retire nan menw.
Yella : Siw ta jwenn possibilite al nan pase, ou tap refè pak la?
Samuel : non mwen patap jan'm fè Pak sa ankò.
Yella : Saw deside fè bb'm ?
Samuel : fòk mwen proteje nou, paskem bay 10zan nan vi'm deja, mwen pap dakò yo pran tout sam Renmen yo.
Yella : dakò bb'm.
Samuel : ou met antre Love..
Yella : e ou sa wap fè ?
Samuel : Map fè Yon ti rete deyò a toujou.
Yella : dakò Love.
*Yella Gade Samuel Epil antre, Samuel kanpe lap reflechi, Yella parèt andan li al nan Salon an, lel gade li wè Fabienne ak Louis chita, li parèt kote yo.*
Fabienne : kote Samuel ?
Yella : li rete deyò a.
Fabienne : dakò.
Yella : mwen wè Samuel chanje wi.
Fabienne : kòman ?
Yella : mwen wèl sousye de nou kounya.
Fabienne : li te Toujou sousye de nou wi.
Yella : mwen wèl pi sousye kounya.
Fabienne : fòk nou trè vijilan kounya.
Yella : wi.
Fabienne : mwen pa konnen kilè Antite sa ap frape nou ankò.
Yella : lè yap vini an nap tan'n yo tou.
Fabienne : hmm dakò.
*Yo nan Salon an yap pale, Samuel li menm Chita nan lakou a lap panse, Samuel pa konn sa pou'l fè, Samuel ap reflechi ak Marcus paske'l konnen si Marcus te la li tap jwenn Yon solution pou li kanmè'm. dlo sot nan jel. Samuel leve kanpe li vire pou'l antre, pandan'l pral antre konsa, Yon machin antre nan baryè a, machin nan kraze baryè nèt, Samuel wè 2 Moun soti nan machin nan, lel Gade bien li wè se Gama ak Berline, Samuel wè gwo galil nan men yo, Samuel kouri antre, Yella ak Fabienne epi Louis parèt kote'l.*
Yella : sa Bagay sa ye bb'm ?
Samuel : se Gama ak Berline.
Yella : oooooh.
Samuel : Kote zam nan?
Yella : li anlè a.
Samuel : ok al deyèl pou mwen, nou moute rapid.
Yella : ok bb'm.
*Fabienne Kenbe men Louis yo kouri moute, Yella moute tou, Samuel moute deyèl, Yella parèt nan chanm Rebecca ak Samuel, Rebecca gade yo.*
Rebecca : papi sakap pase Anba Konsa ?
Samuel : pe bb'm nan, nan moman la ou poko ka jwenn repons yo.
Rebecca : 🥺🥺🥺.
Samuel : Yella fè rapid banm zam nan.
Yella : ok bbm.
(Yella kouri al deyè zam nan, Samuel kanpe ap tann li, Yella pran zam nan li potel bay Samuel.)
Samuel : ok nou rete la ok.
Yella : men bb'm an'n rele polis ?
Samuel : non.
Yella : e Siw mouri Love 😭.
Samuel : mwen pap mouri Love ou mèt kwèm, Mwen konn Kay la plus pase yo..
Yella : dakò bb'm.
*Samuel kouri desann, Louis ak Fabienne kanpe Devan Pot yo a, pandan Louis pral desann deyè Samuel, Fabienne Kenbel, Louis konprann li pa desann. Berline ak Gama yo andan Kay Samuel la, ak gwo galil nan men yo, yap mache tou dousman, Berline al nan kizin nan, Gama li menm nan Salon an lap avanse tou Piti andan, Samuel parèt deyèl la, Samuel kanpe deyè mi an lap Gade'l. Gama ap avanse tou Piti, li Rive nan mach la poul moute anlè a, apèn li mete Yon pyel sou Mach la poul moute, li santi Yon zam deyè tèt li, Gama tou kanpe li oblije pa bouje kòl.*
Samuel : salopri ou pran 10zan nan vim, kounya ou vini pouw vin detwi'm nèt.
Gama : aaaaaah Samuel.
Samuel : depiw bouje Yon bal nan tèt ok.
Gama : ou evolye wi.
Samuel : wi men sepa Gras ak ou.
Gama : ou voye Twòp Antite ale.
Samuel : se ou Map voye ale aprèsa.
Gama : fòk ou elimine Samuel, ou pap ka rete anvi ankò.
Samuel : vim pat jan'm depann de ou ok, vim depann de mwen.
Gama : la ou gen Rezon Samuel.
(Pandan Samuel pral pale, Yella vin parèt Anlè a.)
Yella : bb'm.
*Gama gade Yella, Gama leve galil li a pou'l tire sou Yella, Samuel wè sa, Samuel bal Yon bal nan tèt, Gama tonbe atè a, Yella Sezi.*
Samuel : Yella deplase kounya.
Yella : ok bb'm.
*Yella kouri deplase, Samuel moute anlè a, Berline kouri parèt bò mach, lel gade li wè Gama atè a, Berline sezi, Yon limyè blanch ki soti nan tèt Gama atè a, Berline ap gade limyè a, limyè a disparèt.*
Berline : aaaaaah Med! Samuel kote'w?
*Berline ap pale bien fò andan Kay la, Berline janbe Gama atè a Epil moute, Berline Rive anlè a, lap mache tou dousman nan koulwa ak zam nan nan menl, Berline ap mache an kolè, Berline Rive bò chanm kerby a, li kanpe lap gade pòt la, li anvi antre, Samuel kanpe deyè pòt la ak zam nan menl lap tan'n li antre, Yella nan chanm nan tou ak Rebecca, Louna, Thomas ni kerby tou, Yella bouche bouch Rebecca ak thomas pou yo pa fè bri, Berline gade pòt la Epil vire li ale, Samuel ouvè pòt la tou dousman Epil soti, pandan Berline ap mache konsa li santi Yon zam deyè tèt li, Berline kanpe.*
Berline : konsaw te pran Gama tou taleu a Samuel ?
Samuel : wi.
Berline : ou detwim Samuel.
Samuel : mwen detwiw, se nou Menm kivle detwim.
Berline : mwen pagen lòt chwa non.
Samuel : ebien Mwen pap kitew touye fanmi'm.
Berline : hmmm.
(Berline vire li Gade Samuel nan je, Yella Soti ak timoun yo, Louis ak Fabienne Soti nan lòt chanm nan Tou.)
Yella : bb'm sa wap tann touye'l non.
Samuel : taleu bb'm.
Yella : ki Bagay tan'n sa.
Samuel : Yella pe bouch ou ok.
Berline : Tout sa m te vle, Samuel, se te viv vi m bò kote w. Mwen pa t janm sispann panse avèw, menm lè tout bagay te sanble ap separe nou. Pou m te kapab rete toupre w, mwen te oblije abandone pwòp idantite m, kache kiyès mwen te ye epi viv yon vi ki pa t menm pou mwen. Mwen te sakrifye idantite m pou ou, Samuel… paske nan je m, lanmou mwen pou ou te vo plis pase tout sa m te pèdi yo.
Samuel : epi kounya ou vini la pouw touye'm pavre ?
Berline : mwen pagen lot chwa Samuel, fòk mwen obeyi ak Antite siperyè yo.
Yella : ou echwe ankò.
Berline : Wi… mwen konnen mwen echwe. Mwen konnen mwen pa t rive fè sa yo te mande m fè a. Men kijan mwen ta ka fè sa, Samuel? Kijan mwen ta ka gade moun mwen renmen an nan je, epi ak pwòp men mwen, retire lavi l? Yo te mande m pou m touye w… men mwen pa t ap janm kapab fè w mal. Kèlkeswa sa yo te pwomèt mwen, kèlkeswa konsekans ki t ap tann mwen, mwen pa t ap janm chwazi lanmò w.
Mwen konnen tan mwen sou tè sa a rive nan fen li. Mwen konnen mwen pa gen anpil tan ankò… Se poutèt sa mwen te aksepte retounen. Mwen pa t retounen pou m fè w mal, Samuel. Mwen te sèlman vle wè w… jis yon dènye fwa. Mwen te bezwen wè moun mwen te renmen an ankò, menm si se te dènye fwa mwen t ap gen chans pou m gade w nan je.
Samuel : 🥺🥺🥺.
Yella : touye'l Samuel.
Berline : mwen te vle jis wèw Yon dènye fwa, mwen pase anpil tan sou tè sa Samuel, mwen viv anpil vi Samuel, tout viv sa yo pat plus pasew Samuel, rete bokote'w kòm sekretè sete Youn nan pi bon Bagay mwen te fè pandan'm sou tè sa, paskem te bokote Yon Moun kem Renmen depi lontan, malgre se Chymya kitap itilize kòw, men se ou mwen te Renmen.
Samuel : 🥺🥺.
Yella : Samuel.
Berline : mwen pa regrèt Yon jou deskem te rankontrew Samuel, Mwen pa konn sam ta bay jis poum ta pase Yon nwit avèw ankò, men sa enposib kounya, jwi laviw proteje fanmi'w, mwen pakwè wap wèm ankò Samuel.
(Berline leve galil la li metel bò tèt li)
Samuel : non Berline.
*Berline gade Samuel dlo Sot nan jel, Berline peze gachèt la, plizyè bal pati, yon bò tèt Berline dekapite, Berline sot tonbe atè a, Samuel kanpe lap Gade kò Berline atè a, Samuel lage zam kite nan menl atè a, Samuel ap Gade kò Berline (Garmia) atè a, Yon limyè blanch sot nan tèt Berline, limyè Paget kote Samuel, Samuel kanpe lap Gade limyè a, aprèsa limyè disparèt, Fabienne, Louis ak Yella epi Timoun yo, yo tout sezi, paske yo wè limyè blanch lan se kot Samuel li parèt aprèsa li disparèt. Pandan Samuel Kanpe konsa, li tande machin Polis deyò a.*
Yella : ok polis yo vini, temal pale avèl.
*Yella kouri desann ak timoun yo, Fabienne ak Louis desann tou, Samuel chita bokote Berline atè a, dlo Sot nan je Samuel, Polis yo antre andan Kay la, yap gade tout sa ki pase a, Yella ap pale avè yo. Li di yo se vòlè ki antre andan Kay la polis yo kwèl. Samuel pase nwit lan li pa Domi telman lanmò Berline nan domine'l, nan demen Maten kerby li menm kouche sou kabann lopital la, li ouvè jel, lel gade li wè Samuel kanpe anfas li a.*
Darly : papa.
Samuel : Pitit gason'm ou leve.
Darly : kote manman'm ?
Samuel : li sou kote a men li poko leve non.
Darly : hmmm ! Eskizem papa, ou tedim pa detache manman'm, Mwen Menm Mwen fèl.
Samuel : pa kilpabilize tèt ou darly, sim te nan Plas ou mwen tap fèl tou.
Darly : 🥺🥺🥺.
*Pandan yap pale konsa, Roselande vin ap bouje kòl, Samuel kouri parèt kotel, Roberto te chita sou Yon Chèz , li wè Roselande leve li kouri Paret kote'l toi.*
Samuel : Roselande.
Roselande : Samuel se ou?
Samuel : wi se mwen Roselande '
Roselande : sak fèm paka bouje kòm nan, mwen santi lestomak Mwen Lou.
Samuel : se akoz operation an.
Roselande : operation, ki operation sa Samuel ?
Samuel : ki dènye souvni ou raple'w ?
Roselande : Mwen te nan avion an poum Vin Haïti , paske'm te anvi we Darly e'm te vle tou vin klarifye kèk Bagay ak fanmiw, aprèsa avion an ateri pòtoprens, mwen desann li Epim Soti nan èpòt la, mwen Al nan Yon otel aprèsa pou'm te pase wèw Samuel, pandan'm nan Chanm nan konsa, Yon Moun vin frape chanm nan, Mwen al ouvè pòt la, Epim de wè Yon Dam, li annik Manyen'm Epim pa gen konesans ankò, mwen ouvè jem Epi'm wèm la.
Samuel : hmmm tem explikew sak rivew la.
Samuel Kanpe lap explike Roselande sak rivel la, Roberto ap tande Samuel kap pale lap tranble telmanl Sezi, 1ans aprè tout Moun reprann vi yo, Samuel vann Kay li teye a, li achte Youn nan Yon lòt zòn pou'l rete ak fanmi'l. Roselande li menm tou paralize, li pa al Canada ankò li paka mache ankò lap viv ak darly nan Kay, se darly kifè tout Bagay pou li, Samuel Bayo tout sa yo gen Bezwen men istwa Samuel explikel la konsènan Antite yo sa tounen Yon tromatism pou li, chak weekend darly oblije mennen'l Kay Yon psychologue. Roberto li menm aprè trajedi a jiska prezan li pa fi'n bien paskel pat panse Yon Bagay konsa egziste vre, Samuel te mande Roberto pou'l pa Di okenn Moun sa, Roberto dakò li oblije viv ak sekrè a. Fabienne ak Louis ap viv Bien ansanm malgre sezisman pa rapò Ak Antite yo, men Yo Toujou sonje sak te pase a, Fabienne fè Yon tifi pou Louis, yap viv bien Ansanm, Fabienne vin jere Yon plas kipi enpotan nan antrepriz la. Bella li menm asepte Kenbe timoun nan, li fè Yon ti fi pou Franck, malgre Franck pa okipe timoun nan, sapa fèl anyen Vanessa edel ak timoun nan, chak fwa Bella gade Vanessa li kriye paske'l wè Vanessa sousye anpil de li ak Timoun nan. Manman Samuel nan Kay li, jiska prezan li pa konnen poukisa Samuel van'n Kay la, Samuel pa dil anyen desak te pase a, ni Léa tou Samuel padil anyen, manman ap viv Bien ak Maril , Samuel mete sekirite prive nan Kay li a jis pou'l ka gen kontwòl Kay la. Manman nan Kay li ak Maril yap viv bien Ansanm. Samuel li Menm projè Olympia akonpli majorite Moun Haïti se dlo Olympia yo bwè, Samuel vin tounen Yon referans an Haïti konsènan vann dlo trete, Samuel Menm vann dlo a ak lot Peyi, konsènan antrepriz vann meb la, Samuel pa al nan antrepriz la ankò, li plis konsantrel sou antrepriz dlo trete'l la, li bay Fabienne jere tout Bagay nan Plas li, Samuel pajan'm al nan antrepriz ankò. Aprè ensidan kite pase nan Kay Samuel la, timoun yo te tromatize, Samuel ak Yella te mennen yo Kay Yon psychologue pou pale ak timoun yo, Samuel Toujou prezan pou yo, li pa lache yo Yon bay, paske'l konnen sil pala pou'l proteje yo pagen Moun kap fèl pou li, Samuel konn panse ak Garmia, men Garmia te fè chwal deja.
Fin
Sa'n panse de fin an?
Mwen vle fè nou konnen sa klèman: apati de jodi a, mwen pa bay okenn moun otorizasyon pou pran oswa repibliye feyton mwen yo sou okenn chèn WhatsApp.
Si nou remake yon chèn WhatsApp ap pibliye feyton mwen yo san otorizasyon, tanpri avèti paj la touswit pou nou ka pran dispozisyon ki nesesè yo.
Mèsi pou respè nou ak konpreyansyon nou. ✌🏿one Love
Bonswa fan Mwen yo! Kòman nou ye?
Èske'n pare pou nou li epizòd final la?
(Epizòd 20final)
*Pakou a🥺 te bel wi*
Daprè nou èske Roselande (Chylya) mouri ?
Èske Darly te dwe al demarel?
Si nou te nan Plas darly nou patap fè Menm bagay la tou ?
24/09/2026
Epizòd : 19
Sezon : 2
Tit : pri richès la
Otè : Franco Georges
*Samuel atè a nan Salon laKay li a ak Roselande, li Kenbel atè a nan kolèt, li pavle kitel bouje kòl. darly ap monte desann nan Salon an, li pa konn sa pou'l fè, Yella ap gade Samuel ki Kenbe Roselande atè a, Fabienne ak Louis ap pale.*
Louis : Fabienne sa nap fè avèl ?
Fabienne : mwen pa konnen men nou pap ka touyel.
Louis : se Yon antite ki possède kò Roselande, si pou Antite sa Soti fòk Roselande mouri. (Darly parèt kote yo)
Darly : kisa 😳 ! Mouri non manman'm pap ka mouri. (Yella parèt kote yo tou)
Yella : taleu darly ! Samuel sa nap fè avèl ?
(Je Samuel pa Soti sou Roselande atè a)
Samuel : al deyè Yon kòd pou mwen ak Yon Chèz tou.
Darly : sa pouw fè kòd la?
Samuel : poum teka Marel.
Darly : kisa non papa
Samuel : darly sepa Manman'w kila ok, se Yon antite li ye, Antite sa la pou touye nou tout.
Yella : kèt temal deyè kòd la.
*Yella kouri soti nan Salon an lal deyè kòd la, darly kanpe lap gade Samuel ki Kenbe manman'l atè a, darly ap panike, kèk minit aprè Yella vin parèt ak kòd la epi Chèz la.*
Yella : bb'm men yo.
Samuel : ok! Louis vin edem.
*Louis al kote Samuel atè a, Louis edel leve Roselande , Roselande ap gade yo ak Ray, darly ap gade manman'l ak dlo nan je, Yella mete Chèz la, Samuel ak Louis mete Roselande chita sou li, Louis Kenbel Samuel pran kòd la nan men Yella Epil komanse Mare Roselande. Li mare Roselande 2 bwa deyè do sou Chèz la, Louis lage'l Samuel al kanpe bokote Yella, yo tout kanpe yap gade Roselande sou Chèz la.*
Darly : manmi ou la?
Roselande : mwen pa fout manman'w.
Samuel : darly sepa Manman'w ok.
Darly : kèt 😭😭.
Yella : Saw vle ?
Roselande : misyon'm se touye nou tout e Map fèl. (Roselande ap bat pou'l detache kòl)
Samuel : ou pa Menm Bezwen eseye detache kòw, ou pap ka demare tèt ou.
Roselande : aaaaaah.
Yella : kijanw rele ?
Roselande : nou mèt rele'm chylya, kò sa mwen ye a hmmm li telman primitiv hmmm.
Samuel : kò sa pa pou ou.
Roselande (Chylya) : Mwen konnen, se Youn nan Rezon poum soti ladanl fòk mwen mouri, e sim mouri mwen prale e Roselande ap tou mouri tou definitivman.
Darly : bondye papa non.
Samuel : nap jwenn Yon mwayen kanmè'm.
Roselande (Chylya) : enbesil sèl solution an pou'm kite kò sa se mouri, e Mwen pa prale san'm pa fini misyon an.
Fabienne : ki misyon ?
Roselande (Chylya) : touye nou tout.
Darly : oooooh manmi.
Roselande : kèt konbyen FWA pou'm Diw ti enbesil kem pa manman'w.
Samuel : darly Mwen Diw sa wi, li pa manman'w.
Darly : 😭😭😭😭.
Yella : vye espri kijanw fè jwenn ak vrè Roselande lan?
Roselande (Chylya) : Nou te deja gen kontwòl li depi lel te Kanada. li te kite Kanada pou l antre Ayiti, nou t ap swiv chak mouvman li. Nou suiv li jis nan otèl li te desann nan. Se la nou tann bon moman an poum pran kontwòl kò li san pèsonn pat remake anyen.
Darly : oooooh bondye 😭😭😭.
*Samuel Kanpe lap Gade'l ki mare chèz la ak lapèn, Yella ap gade'l tou, Louis kanpe bokote Fabienne lap tande Fabienne kap poze Chylya kesyon, darly li menm kanpe ak dlo nan je lap gade Roselande ki mare sou Chèz la. Rebecca li menm nan chanm li an ak kerby, Louna, thomas yap pale.*
Kerby : daprè nou sa kap pase Anba Konsa ?
Rebecca : ou pat remake Roselandel te sanble posede ?
Kerby : wi Mwen te remake sa, men pasede pa kisa ?
Rebecca : pa Yon lwa.
Kerby : lwa sak lwa a?
Rebecca : lwa se espri ki posede kò Yon Moun pou fèl fè tenten, donc Roselande genlè se Yon manbo.
Kerby : manbo.
Rebecca : wi manbo Yon Moun kap sévi djab.
Kerby : ha bon.
Rebecca : antouka fòk mwen desann pou'm wè sakap pase Anba.
Kerby : non manman'm di fòk nou rete la.
Rebecca : pe bouch ou menm, fòk ou obeyi a tout sa manman'm Diw fè ?
Kerby : wi.
Rebecca : Mwen menm non. (Rebecca leve sou kabann nan)
Kerby : Rebecca esi manman'm wèw?
Rebecca : li pap wèm paskem pap kitel wèm.
*Rebecca ouvè pòt la Epil Soti li desann. Samuel li menm nan kizin li an ak Yella, Samuel genyon boutèy dlo nan menl lap bwè, Samuel ap bwè dlo lap swe, telmanl gentan fistre.*
Yella : fòk nou touyel.
Samuel : non.
Yella : kisa fanmi nou Anje wi.
Samuel : kò a se kò Roselande.
Yella : ki melem avèl, ou pa tande sa Antite a Diw se mouri pou'l mouri pou'l teka kite kò a.
Samuel : donk pou ou solution an se touyel ?
Yella : wi.
Samuel : non nou paka fè Bagay yo konsa.
Yella : ha bon! ebien dim sa pou'n fè avèl?
Samuel : hmmm problèm.
*Samuel pran Yon gòje dlo Epil Gade Yella, Rebecca li menm kanpe deyè mi an lap tande sa yap Di. Darly kanpe nan Salon an Fabienne epi Louis yo chita sou kanape a yap gade Roselande.*
Darly : manmi.
Fabienne : darly se pa manman'w.
Darly : 😭😭😭.
Louis : sa nap fè avèl ?
Fabienne : nap tan'n Mr Samuel.
Louis : nap pase nwit lan ap veyel?
Fabienne : s'il le faut wi.
Louis : ebien ok.
(Pandan yo chita konsa Samuel parèt ak Yella, li kanpe deyè yo.)
Samuel : nou met al Domi Map veyel.
Louis : ok Mr Samuel, bb an'n ale, mwen gen Domi.
Fabienne : dakò.
*Louis leve sou kanape a, Fabienne leve avèl epi yo moute yo ale, Samuel gade darly ki Kanpe kap gade manmanl epi dlo ap koule nan jel.*
Samuel : darly Pitit gason'm fòk ou al Domi, ou fatige.
Darly : non Map rete la avèl.
Samuel : al Domi Map rete pito. (Darly gade Samuel)
Darly : pwomèt Mwen ke'w pap fèl Mal?
Samuel : wi mwen pwomèt ou sa.
Darly : ok papa.
*Darly gade Roselande Yon dènye fwa Epil vire li ale, Yella gade Roselande li twazel Epil vire li ale tou. Samuel fè Yon ti proche Roselande (Chylya) li chita anfas li Epil retire zam ki bò sentil la li mete sou ti tab la, Roselande (Chylya) gade zam nan Epil gade Samuel. Kerby li menm li nan Chanm li an, pandan'l kouche konsa, pòt li a vin ap ouvè, lel gade li wè se Rebecca ki parèt kotel.*
Kerby : kisaw vle Rebecca ?
Rebecca : Roselande se Yon jab.
Kerby : kòman sa?
Rebecca : manman'm ak papa'm vle touyel.
Kerby : Bagay serye wap pale la?
Rebecca : wi kerby.
Kerby : Soti ou komanse fèm pè.
Rebecca : Ebien ok.
*Rebecca femen Pòt la, Epi lal nan chanm li an, kerby li Menm gentan kouvri tèt li telmanl gentan pè. Samuel chita anba nan Salon an, jel pa Soti sou Roselande, Youn ap gade lòt nan je.*
Roselande : wap pase nwit lan la ?
Samuel : wi.
Roselande : poukisa nou Menm Imen nou si vilnerab konsa ?
Samuel : nou vilnerab Epi'm metrizew konsa ?
Roselande : sim te sou vrè fom mwen an, Menm gade ou patap ka gade'm nan je.
Samuel : depiw dim.
Roselande : ou te Renmenl wi.
Samuel : Renmen kimoun ?
Roselande : ou te Renmen Garmia anpil, jiska prezan lanmou sa Toujou la.
Samuel : mwen fini ak istwa sa.
Roselande : menl Toujou nan ke'w.
Samuel : hmmm.
Roselande : ou te Yon ti pov san avni epi nou metew sou Moun.
Samuel : se 10zan mwen sakrifye nan vi'm pousa.
Roselande : fòw wè san nou ou patap anyen nan viw.
Samuel : depiw fèt ou Yon Bagay ok.
Roselande : nan mond sa, depiw pagen lajan ou pa anyen tande.
Samuel : gen anpil bagay kipi enpotan ke lajan.
Roselande : Hmm… Nou ka ba w sa w vle. Men jis kite m ale. Nou gen moun nou dwe elimine, n ap fè sa nou gen pou n fè, epi apre sa n ap kite w anpè. Pa fòse nou chanje plan nou.
Samuel : Mwen pa fè w konfyans, e verite a se mwen pa fè okenn lòt Antite konfyans nonplis. Ou mande m pou m kite w ale tankou si apre sa tout bagay ap retounen nòmal, men mwen konnen twò byen sa sa ka lakòz. Kite w soti isit la pap sèlman mete mwen an danje, men sa ap mete anpil lòt moun an danje tou. Kò w ap itilize a pa pou ou, Chylya. Se yon kò ou pran kontwòl, yon lavi ou sezi pou pwòp objektif pa w. Kidonk, yon fason oswa yon lòt, w ap oblije kite kò sa a. Kesyon an se pa si w ap kite l… men se ki jan sa pral fini, e konbyen moun ki pral peye pri a anvan sa rive.
Roselande : enbesil.
*Samuel gade'l, Youn ap gade lòt nan je, Samuel pase nwit lan konsa devan Roselande, nan demen maten Samuel Toujou chita anfas li. Yella vin parèt kote Samuel.*
Yella : bb'm ou mèt al Domi Map rete la avèl ?
Samuel : wap kapab ?
Yella : wi pa enkyetew bb'm.
Samuel : Pafèl mal non.
Yella : pa enkyetew bb'm, men fòk ou kite zam nan la.
Samuel : non.
Yella : esil detache kòl.
Samuel : li pap detache kòl.
Yella : pou sekiritem kitel Samuel.
Samuel : dakò men Pafèl mal non.
Yella : pa okipew bb'm.
*Yella bese li bo Samuel sou bouch Samuel bal zam nan Epil leve sou kanape li ale. Yella chita anfas Roselande lap Gade'l ak zam nan Kenbe nan menl.*
Roselande : mariw la son Moun ki tenas anpil.
Yella : mwen konn sa, bouzen kite rele Roselande kouche avèl.
Roselande : ou anvi fèl Mal ?
Yella : defwa mwen konn panse ak sa.
Roselande : li anfas ou wi.
Yella : non sepa li, ou se Yon solopri Antite ki pran kontwòl kò Roselande ok.
Roselande : hmmm se vre, ou Renmen Samuel ?
Yella : wi.
Roselande : non ou Renmen Chymya Pito, Samuel pat jan'm avèw ok.
Yella : ou gen Rezon, men mwen vin wè Yon réalite, Chymya kite pran kontwòl kò Samuel, sepou lajan Mwen te avèl, men vrè Samuel la se pou lanmou kifè nou rete ansanm toujou.
Roselande : epi wap tronpe'l ankò, sa fèw se Yon bouzen.
Yella : repete Saw Di a ?
Roselande : Yon bouzen.
*Yella kouri leve sou Chèz la, li parèt kotel. Yella kòmanse bal kalot nan visaj li, Yella ap bal kout pwen. Kèk minit aprè Yella fi'n bal kou li al chita anfas li.*
Yella : Dim bouzen ankò non.
*Roselande gade Yella dlo Sot nan jel Epil pa di anyen ankò, Yella ap gade'l ak zam nan Kenbe nan menl. Samuel li Menm kouche nan Chanm li an lap Domi, 5h detan aprè Samuel ouvè jel, lel gade li wè Roberto chita bokote'l la, Samuel kouri leve chita.*
Roberto : mwen vin kote'w men Yella pavlem al nan Salon an poukisa Samuel ?
Samuel : aaaaaah Roberto Menm Sim ta explikew ou pap konprann.
Roberto : explikem.
Samuel : temal mete rad sou Mwen Pito poum teka al moutrew sak gen nan Salon an.
Roberto : ebien ok fè rapid.
*Samuel leve li al mete rad sou li pou'l desann ak Roberto. Darly li menm nan kizin nan lap prepare Yon manje pou'l teka pote bay Roselande, darly pran Manje a epi lal nan salon an avèl, lel parèt nan Salon an li wè Roselande ak Yella.*
Darly : tem pran relè a ou mèt al repozew.
Yella : wap ka rete la avèl ?
Darly : wi! ou bal kou Yella ?
Yella : wi.
Darly : poukisa Yella se kò manman'm wi.
Yella : li dim Yon Pawòl li pat dwe dim, fòk nou mete salopri Antite sa yo nan Plas yo.
Darly : ok ok ok ou mèt ale.
*Yella gade Roselande Epil leve ak zam nan nan Menl li ale, darly Gade Roselande, Roselande gade'l tou, kò Roselande kòmanse ap tranble, bouch li ap bay dlo, darly ap gade'l li pakon'n sa pou'l fè, Roselande vin pa souke kòl ankò, Roselande gade darly.*
Darly : manmi.
Roselande : kisa! darly sa Map fè sou chèz sa?
Darly : manmi se ou ?
Roselande : wi se mwen, poukisa mwen Mare la darly?
Darly : oooooh bondye manman'm vini.
*Darly kouri pran kouto tab la kite nan asyèt li te pote manje a, li parèt deyè do Roselande Epil détachel, lèl fini li parèt anfas li, Roselande leve kanpe.*
Darly : manmi se ou.
*Roselande ap gade'l, pandan lap Gade'l konsa men Samuel kivin parèt ak Roberto epi Yella nan Salon an, lè Samuel gade li wè Roselande detache Samuel sezi ni Yella tou.*
Samuel : darly non soti bokotel.
Darly : papi manman'm la kounya.
Samuel : non sepa li.
*Roselande kouri pran kouto tab la kite nan men darly a, li bay darly Yon kout kouto bò kòt, darly sot tonbe atè a, Roselande ale pou'l kouri sou Samuel, Yella pwente zam nan sou li, Yella bal 3 bal nan lestomak, Roselande sot tonbe atè a. Roberto mete 2 menl nan tèt li telmanl Sezi.*
Lèw fi'n li epizòd sa, tagg zanmiw, Patajel, jèm li, kòmante pouw kapab jwenn epizòd final la.
Sa'n panse de epizòd 19 la?
Si ou vle sipòte pwochen pwojè nou an, ekri paj la pou n voye tout enfòmasyon yo.
🎬 Objektif nou se mete Feyton nou yo an videyo pou nou fè istwa yo viv pi plis toujou devan je nou!
Mèsi pou lanmou ak sipò nou. 🙏🏿📖❤️
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas 75 Impasse Lilo #3
Port-au-Prince
000134
Notifications
Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Feyton pam 808 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.
