RADIO TELE Ekilib
Analiz san fòs kote chita nan EKILIB la
Nou fe chwa poun sevi kominote ayisyen nan nan pataje bon jan enfomasyon de fason reponsab e serye
Wap jwenn enfomasyon politik, sosyal ak ekonomik yo sou depatman Latibonit ak nan lot rejyon peyi.
Responsab Complexe Educatif des BS du Canada (CEBSCA) fè konnen enstitisyon an se yon lekòl divès ayisyen ki nan peyi Kanada ak Etazini mete sou pye nan vil Senmak pou soulaje paran ki te oblije chape poul yo ak timoun kite zòn bandi anvayi yo. Se pa lekòl blan,se pa lekòl Kanada.
Se sa avoka enstitisyon an, Mèt Samuel Pierre te fè konnen nan yon konferans pou laprès li te bay lendi 27 jiyè 2026 la.
Mèt Samuel Pierre deklare tou gen yon gwoup direktè lekòl nan Senmak ki kontinye monte lajan lekòl yo 17 wotè sou paran elèv yo, daprè li, se menm direktè lekòl sa yo ka p chache sabote pwojè CEBSCA a.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Aprè gwo travay ODVA fin fè pou debouche tèt sifon Salifoudre a, travay yo pa kanpe nan kanal Latibonit sid la.
Seri entèvansyon sa yo pral pèmèt dlo rive ak tout fasilite nan jaden peyizan plantè nan ba 5èm seksyon Semak, ki depi byen lontan,sediman ak raje tout kalte, te anche dlo a desann
Pandan yon vizit li te fè sou chantye a vandredi 24 jiyè 2026, direktè jeneral Òganis Devlopman Vale Latibonit (ODVA) a, enjenyè agwonòm Figaro Noël, te panche sou sa li rele yon "apwòch patisipatif", kote li ankouraje asosyasyon plantè yo, ak leta a an patikilye, kontinye sipòte enstitisyon an, sa ki pral pèmèt ODVA kontinye bay bon jan rezilta nan enterè peyizan yo, ak devlopman agrikòl nan Vale Latibonit.
RADIO TELE Ekilib, tèt klasman.
Anba lidèchip nouvo direktè jeneral Òganis Devlopman Vale Latibonit la (ODVA), enjenyè agwonòm Figaro Noël, enstitisyon an, nan tèt kole ak plizyè asosyasyon plantè nan 5yèm seksyon Senmak, reyalize yon gwo travay netwayaj nan Sifon Salifoudre, ki alimante Kanal Latibonit Sid la.
Depi kèk tan, sediman ak divès lòt debri te bouche tèt sifon an, sa ki te anpeche dlo a rive wouze jaden peyizan yo nan zòn nan.
Ak entèvansyon sa a, dlo pral rekòmanse sikile nòmalman nan kanal la, peyizan yo pral reprann aktivite agrikòl yo nan pi bon kondisyon.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Mèt Milson Ulysse pral fikse règ jwèt la nan Balatibonit:
21 jiyè 2026, Vis Delege awondisman Senmak la, Mèt Pérès Casseus, enstale Mèt Milson Ulysse kòm Kowòdonatè Lotri Leta Ayisyen pou rejyon Balatibonit la.
Nan diskou li, Mèt Milson Ulysse envite tout responsab antrepriz paryaj, gagè, bòlèt ak lòt aktivite aza nan rejyon an pou yo vin mete an règ biznis yo, nan respè,jan lalwa peyi a mande sa.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
18 jiyè 2026, Université Nissage Saget (UNISSA) òganize 2èm edisyon kolòk syantifik li anba tèm : "Science, Innovation et Développement durable ".
Rektè UNISSA a, Doktè Fleurimond Exumé, fè konnen,seri aktivite sa yo pral pèmèt inivèsite a kòmanse jwe vrè wòl li nan devlopman peyi a, sitou atravè pwodiksyon konesans, rechèch,epi fè bon jan pwopozisyon pou ede rezoud pwoblèm tout kalte kap ravaje peyi a.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
2 jiyè 2026, yon delegasyon ki te gen nan tèt li Mèt Mickenson Cadet, avoka, pwofesè Adeka Israël ak pwofesè Marc Eddy Estimé, te akonpaye moun nan lokalite Mac Donald, nan Senmak, pou depoze yon plent nan Pakè Senmak pou kèk moun yo di se bandi ak gwo zanm fann fwa ki anvayi lokalite a, nan lide pou mete moun yo deyò nan zòn nan, epi vòlè tè yo.
Yo pote plent devan pakè,yon fason pou mande otorite lajistis yo,jwenn yon fason pou chase bandi ak zam sa yo ki vle tabli baz yo nan zòn nan,daprè sa yo di, ki anpeche popilasyon an viv nan lapè,avan pita pi tris.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
30 jen 2026, Wilson Michel, ki te kowòdonatè adjwen OAVCT Senmak, jwenn pwomosyon, nonmen epi enstale kòm kowòdonatè prensipal OAVCT nan Balatibonit.
Nan menm okazyon an, Phatoniel Isaac enstale kòm kowòdonatè adjwen.
2 responsab ki sanble byen atann yo, remèsye direktè jeneral OAVCT a, Jocelyn Pierre, pou konfyans li mete nan yo,epi pwomèt pou kontinye travay,pou pi bon satisfaksyon kliyan OAVCT yo.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman
Sosyal:
Gwoupman Pwofesè Senmak yo (GPS), ki te pran inisyativ pou rekonstwi pon Fleranso a ki kraze depi kèk tan nan vil Senmak, fè konnen pwojè a te bijo kanpe akoz mank resous finansye.
Nan yon konferans pou laprès yo bay lendi 22 jen 2026, responsab GPS yo te prezante yon rapò ki mansyone tout enstitisyon ak patikilye ki te pote kontribisyon pa yo nan kad inisyativ rekonstriksyon pon an.
Ekip GPS la fè konnen rapò jeneral la disponib pou nenpòt enstans oswa moun ki ta vle founi je gade.
Malgre difikilte finansye yo, pwofesè yo rete konfyan nan posibilite pou travay yo reprann epi yo lanse yon apèl bay popilasyon an pou kontinye sipòte pwojè a, yon fason pou pwojè rekonstriksyon pon Fleranso a ka rive reyalize.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
"APRÈ SELEKSYON NASYONAL LA, NOU PRAL OKIPE NOU DE VIL SENMAK..." Pè WATTSON LOUIS.
Asosyasyon Antreprenè Senmak yo (AESM) fè don 3 milyon goud bay 3 ekip premyè divizyon Latibonit yo.
Défilé patriyotik moun Senmak pou pote solidarité ak seleksyon nasyonal la, Grenadye Alaso
Click here to claim your Sponsored Listing.
Contact the business
Telephone
Website
Address
Boynton Beach, FL
34120
