RADIO TELE Ekilib
Analiz san fòs kote chita nan EKILIB la
Nou fe chwa poun sevi kominote ayisyen nan nan pataje bon jan enfomasyon de fason reponsab e serye
Wap jwenn enfomasyon politik, sosyal ak ekonomik yo sou depatman Latibonit ak nan lot rejyon peyi.
Vil Senmak sou gwo menas sivil ak gwo zam, Jeff Xaviers reyaji:
Aprè zak briganday sivil k ap sikile libelibè ak gwo zam fann fwa nan vil Senmak fè nan katye Blòkòs, nan sware 10 oktòb 2026 la, kandida pou meri Senmak la, Mèt Jeff Xaviers, fè yon sòti piblik jounen 12 oktòb 2026 la pou l mande otorite lokal yo aji rapid, anvan sitiyasyon an vin pi grav pou popilasyon an nan site Nissage Saget a.
Popilasyon an nan vil Senmak pa sispann plenyen, epi kritike lapolis ak lajistis nan vil Senmak ki bouche je ak zòrèy yo sou prezans nèg ak gwo zam kap flannen san kè sote lavil la.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
9 oktòb 2026:
Dosye kidnapin Manise Mésidort nan Senmak, KAZEK 6zyèm seksyon komin nan, Arsène Guillaume pran kouraj li ak 2 men, li bay verite pa l.
Sèvis envistigasyon biwo KAZEK la, nan efikasite li, deja jwenn tout enfòmasyon ki gen pou wè ak kidnapin ki ta fèt sou sou Manise Mésidort, swa depi madi ki te 6 oktòb 2026 pase a.
Manise Mésidort, ki jounen vandredi 9 oktòb 2026 la,deja anba kontwòl lapolis ak lajistis nan Senmak.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
9 oktòb 2026, Plis pase yon 10 zèn chofè taksi moto manifeste devan biwo DGI Senmak pou denonse reta nan remiz plak imatrikilasyon yo. Yo kritike biwo lokal la, ki resevwa lajan yo depi plizyè mwa, men ki poko janm remèt plak yo te peye pou yo a.
Yon lòt bò, chofè taksi moto yo, ak kèk demachè, kritike Lapolis nan komisarya Senmak, yo akize ki gen bèl efikasite nan sezi moto taksi nan lari a san konsidere yo deja peye plak yo.
Nan menm okazyon an, manifestan yo mande pou responsab biwo rejyon an, Pwofesè Adler Sylphat bay talon l nan tèt DGI Senmak.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
"Aux âmes bien nées, la valeur n’attend point le nombre des années".
Complexe Educatif SILOE, nan dat 2 oktòb 2026 la, inogire nouvo lokal tou nèf, ki rele l chè mèt chè mètrès ,sou wout Pon Tanbou a, nan riyèl Marabou, nan vil Senmak, aprè sèlman 5 lane egzistans enstitisyon an.
Nan okazyon seremoni inogirasyon an, Dr Philippe St-Phart, direktè fondatè bèl inisyativ sa a, prezante valè ajoute ak gwo diferans SILOE pote nan domèn fòmasyon ak edikasyon timoun yo nan Senmak.
RADIO TELE Ekilib,tèt klasman.
29 septanm 2026, Godson Innocent denonse leta ayisyen ki, daprè li, vle òganize eleksyon atoupri nan komin Monwi, malgre absans leta sou tout fòm nan zòn nan.
Li fè konnen jiskaprezan poko gen kenn sant kote pou kèk moun ki pa mawon yo ka anrejistre kòm elektè, pandan li ale pi lwen pou l di, se ki kontwole komin nan.
Manm Jèn Aktif pou Devlopman Pyè payen an pwofite okazyon an pou denonse kèk ansyen palmantè nan Latibonit li akize kòm sila yo ki gangrennen rejyon an.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Move gaz ki pa sispann kraze motè machin ak motosiklèt nan Senmak.
Pandan tout moun fè silans, kèk chofè moto taksi pran kouraj yo ak 2 men pou mande leta prese prese, rezoud pwoblèm sa a epi dedomaje viktim yo.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman
Nan okazyon gran lansman ofisyèl Alyans Lidè yo nan Balatibonit(ALBA), nan 5èm seksyon Senmak,jounen 24 septanm 2026 la, gen moun ki ta sanble pat Byenvini, men ki te vini kanmenm.
Malgre prezans divès potansyèl kandida,swa pou depite komin Senmak oubyen pou senatè depatman Latibonit, tankou Mèt Germain Louis, ak Mèt Altès Toussaint ki te vin asiste aktivite a, sa pat anpeche responsab zafè politik ALBA a, Dieunel Dieujuste pat mete dlo nan bouch li, pou l di "ALBA pagen kandida".
Anpil moun poze tèt yo gwo kesyon,sou deklarasyon Dieunel Dieujuste la,ak tout ekip ALBA a, ki denonse, sou plizyè gwoup WhatsApp nan Senmak, yo site non ansyen depite Altès Toussaint, yo fè kwè ki vin pran woulib sou do ALBA.
K on defen Master G ta di, "Match la rèd".
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
ALBA (Alliance des Leaders du Bas Artibonite) fè gwo lansman ofisyèl li jounen 24 septanm 2026 la, nan lokalite Segen, nan 5èm seksyon Senmak.
Nan okazyon an, Francky Noel, ki se kowòdonatè estrikti a, prezante komite a epi li pataje vizyon ak misyon òganizasyon an.
Pou make lansman an, ALBA òganize yon gran klinik mobil ki pote swen ak asistans medikal bay peyizan yo, sitou moun k ap viv nan zòn rekile sa a, kote aksè ak sèvis sante yo limite.
RADIO TELE Ekilib,tèt klasman.
Yon sitwayen enfòme se yon sitwayen ki angaje.
Enfòme w sou pwosesis elektoral la.
, Primature de la République d'Haïti
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Lapè, 21 septanm 2026 la, Alyans pou Lidèchip Fanm yo nan Latibonit (ALFA) òganize yon pwen pou laprès pou prezante gran piblik la òganizasyon an, objektif li ak vizyon li pou medam yo nan Latibonit.
Nan okazyon an, Louvena Constant, Jessica Exantus ak Joana Souffrant, prezante ALFA ak seri pwogram ak pwojè li pote nan djakout li pou ranfòse lidèchip, patisipasyon ak devlopman fanm yo nan Latibonit.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Click here to claim your Sponsored Listing.
Contact the business
Telephone
Website
Address
Boynton Beach, FL
34120
Alerts
Be the first to know and let us send you an email when RADIO TELE Ekilib posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.
